AYITI/EDIKASYON : DIREKSYON DEPATMANTAL NIP MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL REMÈT 106 CHÈK BAY ANSEYAN KI NAN 11 KOMIN DEPATMAN AN .

Direksyon depatmantal ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl nip (MENFP), remèt jounen 7 Avril 2021 an 106 chèk bay anseyan ki sòti nan 11 komin depatman nip lan kap travay nan pwogram  »prosgat ».

Direktè depatmantal edikasyon nip lan Odel Joseph, fè konnen chèk sa yo se aryere salè ane akademik 2019 -2020, nimewo 1 ministè edikasyon nip lan Odel Jospeh, ki pote presizyon sou kèk anseyan ki te nan pwogram  »prosgat ». Selon esplikasyon li anseyan ki gen lèt nominasyon nan men yo ki pakab resvwa chèk sa yo paske yo deja nome nan sistèm lan.

Yon lòt kote, direktè Odel Joseph lanse yon pinga kont tout anseyan ki gen lèt nominasyon nan men yo ki pa deside al travay ministè a ap travay pou rive idantifye tout anseyan ki pa vle al travay epi sanksyone yo.

 

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …