AYITI /AFWONTMAN : « 13 MOUN MOURI, 5 MOUN DISPARÈT, 4 LÒT BLESE AK 22 KAY BOULE  » DAPRÈ RNDDH.

Nan yon rapò rezo nasyonal kap defann dwa moun yo (RNDDH) mete deyò sou afwontman gang ak gang nan katye Belè nan lannwit 31 mas pou louvri 1 avril 2021 an, selon rapò RNDDH la gen 13 moun ki mouri pami yo 3 manm gang baz « G9 fanmi ak alye », 5 moun disparèt, 4 moun blese ,22 kay boule ak 3 boutik , selon esplikasyon responsab asistan dwa moun nan RNDDH la Marie Rosie Kesner Auguste Dussenard .

Pou fini, Marie Rosie Kesner Auguste Dussenard, ki raple katye jeneral brigad operasyon entèvansyon depatmantal (BOID) la ki nan katye Belè dwe kapab bay popilasyon an sekirite. Defansè dwa moun lan mande ak otorite polisye yo pou fè kout ke kout pou pwoteje popilasyon Belè a kont tout zak gwoup gang  » G9 an fanmi ak alye » .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …