AYITI/PNH: SPNH17 LA DENONSE PÈSEKISYON AK REPRESYON YO AP SIBI ANBA MEN LÉON CHARLES

Spnh17 la, nan kad yon konferans pou laprès yo bay jounen mèkredi 7 avril 2021 an, denonse zak represyon ak pèsekisyon direktè jeneral Lapolis la, Léon Charles ap fè sou yo.  » Wo eta majò a ak akolit li yo pa gen anyen pou repwoche nou. Yo sèlman ap fè represyon sou nou. Yo gen pwoblèm ak estrikti sendikal la », deklarasyon Domond Saint- Cyr, pòt pawòl SPNH 17 la.

Domond Saint-Cyr, pi lwen, fè konnen pèsekisyon yo ap sibi yo pa kadre ak lalwa tankou : fason nèg ki gen inifòm Lapolis sou yo ki antre kay Jean Elder Lundi, kòdonatè jeneral SPNH17 la kote yo kraze vit machin estrikti a epi yo ale ak machin nan; arestasyon ansyen pòt pawòl estrikti sendikal SPNH17 la, Abelson Gros-Nègre.  » Arestasyon ansyen pòt pawòl nou an pa kadre ak lalwa. Yo arete l. Yo voye l penitansye san l pa menm pase devan jij », se konsa li te kontinye.

Sepandan, parapò ak polisye ki te tonbe 12 mas ki sot pase a nan operasyon lapolis te mennen nan vilaj dedye, pòt pawòl SPNH17 la fè konnen san polisye sa yo p ap koule pou granmesi. » 12 mas la se yon dat nou pap janm bliye. SPNH17 pap janm asepte san polisye sa yo koule pou granmesi », deklarasyon Domond Saint-Cyr.

Youn nan avoka eskrikti SPNH17 la, mèt Magny, li menm, fè konnen se de rezon ki lakoz yo ap sibi tout pèsekisyon sa yo. « 1) Se paskè kòdonatè jeneral SPNH17 la te di gen yon inite ki rele all black nan Lapolis la. 2) Yo te di yo pral foule beton an pou fòse Leta a al dèyè kadav polisye ki te tonbe nan vilaj dedye yo », deklarasyon mèt Jean Fritz Magny.

Mèt Anel Rémy ki vin ranfòse batri avoka ki ap batay pou liberasyon Abelson Gros-Nègre mande popilasyon an pou yo leve kanpe pou denonse zak entimidasyon ak pèsekisyon otorite yo ap fè sou tout moun nan peyi a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …