LEMOND/DEY: RAPÈ EPI AKTÈ AMERIKEN KI RELE DMX LAN RANN DÈNYE SOUF LI.

Rapè epi aktè Ameriken ki rele DMX la ki gen bon non li ki se Earl Simmons mouri jounen vandredi 9 avril 2021 an nan lopital White Pleans ki chita kòl nan vil New York, daprè deklarasyon fanmi li nan yon kominike.

DMX gen 50 lane sou tèt li, li pa rive viv aprè yo fin reyanime li plizyè fwa nan lopital la.

Daprè kominike a, DMX se te yon konbatan, yon moun ki te renmen fanmi li ak tout kè li. « Fanmi an kontan tout moman yo pase avèk li », selon kominike a.

Aktè Ameriken anpil moun konnen, DMX jwe yon pakèt fim ak yon pakèt gwo aktè nan monn sinema a tankou Han Sing ( Jet Li) nan Roméo Must Die ; Steven Seagal, Bill Cobbs nan Beyond the Law.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …