ESPÒ/LIGA: REAL MADRID- BARCELONE : 24È AVAN KLASIKO A, FEDERASYON ESPANYÒL LA CHANJE ABIT MATCH LA.

Federasyon espanyòl foutbòl la anonse, jounen 9 avril la, blesi miskilè abit ki te dwe dirije rankont Real Madrid fas ak Barcelone lan, Antonio Mateu Lahoz lakoz li pap ka abite match la ankò.

Antonio Mateu Lahoz ki te dwe abitre match ki ap jwe samdi ant Real Madrid ak Barcelone nan kad « 30ème » jounen chanpyona espanyòl la blese nan match Bayern kont PSG a.

Blese nan nivo miskilè, Mateu Lahoz ranplase pa yon abit ki, li menm, abitre sèlman nèf match ligdèchanpyon nan karyè li ki rele Jesús Gil Manzano. Li gen 39 lane.

Nan listwa klasiko, abit Jesús Gil Manzano abitre yon sèl klasiko se te nan lane 2014 kote Real Madrid te genyen Barcelone 3-1 nan Bernabéu a daprè DailyMercato.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …