LEMOND/ENSEKIRITE : DOUZ (12) MOUN MOURI RACHE NAN PEYI MOZANBIK .

Otorite lame nan peyi Mozanbik yo anonse douz moun mouri touprè otèl Amarula ki nan zòn Palma, yon lokalite ki nan rejyon Nòdès kèk semèn aprè dyiadis (djihadiste) yo fin okipe vil Palma ki gen pou pi piti swasant kenz mil (75 000) moun k ap viv ladan l.

Selon yon Kominike otorite yo nan kò lame Mozanbik mete deyò fè konnen yo dekouvri ayè swa kadav douz(12) moun nan katye Palma touprè Otèl Amarula. Selon esplikasyon kòmandan operasyon militè Palma a Chongo Vidigal, ki deklare efektivman douz (12) moun yo mouri rache kèk medsen lejis ap genyen pou vin egzamine kadav yo .

Li bon pou nou raple, Gwoup dyiadis (djihadiste) yo pran kontwòl katye Palma depi 24 Mas 2021 pase a, pou pi piti yo gentan touye douz (12) kretyen vivan se pandan depi plis pase 3 lane gwoup dyiadis (djihadiste) ap taye banda yo nan peyi Mozanbik.

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …