LEMOND/ POLITIK : POU PITI 700 MOUN MOURI NAN PEYI BIMANI APRE KOUDETA MWA FEVRIYE A.

Pou pi piti 700 moun mouri nan peyi Bimani depi aprè koudeta kont ansyen prezidan Aung San Suu Kyi nan mwa fevriye 2021 an , selon rapò òganizasyon dwa moun peyi Bimani. Selon asosiyasyon asistans prizonye politik yo (AAPP), fè konnen nan kad manifestasyon vandredi 9 Avril 2021an gen 82 moun lame Bimani an touye.

 » Nou pa pè nou ap kontinye manifeste, yon jou nou ap rive genyen batay la » deklarasyon youn nan manifestan yo ki kritike represyon militè lame Biman ap fè sou manifestan yo depi aprè koudeta premye fevriye 2021 an pou kapab kenbe pouvwa, ki deja touye 701 nan konpatriyòt nou yo .

Nou ap siyale, nan yon dezyèm kominike konsèy sekirite nasyon zini mete deyò, yo fè konnen yo ap swiv ak anpil enterè sitiyasyon an pou yo kapab deside sou kriz politik la nan peyi Biman.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …