AYITI/POLITIK: PREMYE MINIS JOUTHE FRAPE FÒ ANKÒ NAN YON LÒT DEKLARASYON.

_Premye minis Joseph Jouthe, nan kad yon entèvansyon li t ap fè nan lokal pwoteksyon sivil ki nan Fòlibète, deklare samdi 10 avri 2021 an tout moun ki pa dakò detente vit machin yo se zanmi bandi._

Pandan li te al nan gran Nò a, patiklyèman nan depatman Nòdès, chèf primati a te pwofite entèvni sou moun li di ki pa respekte mezi detente vit machin gouvènman li an te pran an.

« Tout mezi enpopilè yo se Jouthe ki pran yo. Se mwen ki di detente vit machin. Tout moun serye dakò. Tout zanmi bandi Izo ak ti lapli pa dakò. Nou pa respekte l. M ap kwaze avèk nou tou », deklarasyon chèf primati a.

Nan mwa ki sot pase yo, nan lide pou frennen fenomèm kidnaping nan, gouvènman an te pran mezi pou anpil vit machin detente. Gen anpil moun ki te move kou kong parapò ak desizyon sila a. Pami yo Renald Lubérice ki se konseye prezidan an ak plizyè gwo tèt nan gouvènman an, kèk jounalis elatriye. Parapò ak deklarasyon premye minis la fè a, èske sa ta vle di moun sa yo se zanmi bandi ?

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …