AYITI/ ENSEKIRITE : 5 MOUN MOURI, 38 LÒT BLESE NAN 16 AKSIDAN

Òganizasyon « Stop Accident » fè konnen yo resanse 43 moun ki viktim nan aksidan sòti 5 pou rive 11 Avril 2021 an, daprè yon kominike responsab yo mete deyò jounen lendi 12 Avril la .

Daprè kominike a nan 43 viktim aksidan sa yo pami yo 5 moun mouri sou plas ak 38 lòt sòti blese, nan 16 aksidan sikilasyon manm òganizasyon an rive resanse .

òganizasyon  » Stop Accident » an fè konnen zòn ki touche nan aksidan yo se : Kafou « Similien » nan komin Dèlma, komin Gonayiv, komin Mibalè, Lamentin 54, Wout Frè , Dèlma 69, Boudon ak komin okap .

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …