AYITI /ENSEKIRITE : CHÈF GANG KWADÈBOUKÈ A FÈ YON GWO DEKLARASYON SOU 2 RESÒTISAN FRANSÈ YO KI NAN MEN YO.

Anviwon 11 jou depi nèg baz 400 mawozo yo te kidnape   7 moun pami yo 2 Fransè ki tap prale inogire yon pawas nan komin grantye nan yon lokalite yo rele galèt chanbon.

Nimewo 1 baz la fè konnen se 2 Fransè yo ki pi enpòtan pou li.

Yon lòt kote, lanmò 100 jou di, li pa gen lopital ni òfelina lakay li, nan sans sa, li di li pa responsab manje relijye yo ankò paske moun kap negosye avèk li a poko janm di anyen serye pou otaj yo ta libere.

Li kontinye pale pou li di, li te anonse yo depi yo kite li mete pye li atè lap souke lemond.

Chèf gang toupwisan kwadèboukè a deklare, li menm ak tout akolik li yo ap pare tann lapolis kap vin fè sènay nan baz li a.

An revanch legliz katolik anonse 3 jounen grèv epi fèmen pòt tout enstitisyon katolik yo nan peyi a nan lide pou mande liberasyon prèt yo ki toujou anba men ravisè yo.

Ronald EXAVIER

Kredi foto:you tube

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …