AYITI / JISTIS :JIJ WANDO SAINT- VILLIER ELI NAN KONSÈY SIPERYÈ POUVWA JIDISYÈ A .

Dwayen tribinal premye enstans jiridiksyon Jakmèl la jij Wando Saint-Villier se nouvo reprezantan tribinal premye enstans yo nan konsèy pouvwa jidisyè a nan kad eleksyon ki  fèt jounen madi 20 Avril 2021 an.

Prezidan komite elektoral la, mèt Carlos Hercule ki t ap bay rezilta yo fè konnen mèt Wando Saint-Villier eli ak 124 vwa, mèt Bernad Saint-Vil fè 72 vwa ak mèt Elisé Woobens fè yon sèl vwa.

Sou bò pa li, nouvo reprezantan tribinal premye enstans yo nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè a mèt Wando Saint- Villier nan entèvansyon li remèsye tout jij nan 18 jiridiksyon peyi Dayiti yo, ansyen prezidan asosiyasyon pwofesyonèl majistra yo pwomèt pou kapab byen reprezante tribinal premye enstans yo nan peyi a.

N ap siyale, mèt Wando Saint-villier  eli kòm reprezantan tribinal premye enstans yo nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè a ap gen pou rantre nan fonksyon li nan mwa jiyè 2021 .

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …