AYITI / POLITIK : KONSEYE CHÈF LETA FÈ KONNEN PREZIDAN REPIBLIK LAN  WÈ NESESITE POU CHANJMAN KONSTITISYON AN AKOZ LI REPREZANTE YON BLOKAJ POU PEYI AN .

Youn nan konseye chèf leta Patrick Crispin, fè konnen prezidan repiblik la Jovenel Moïse ak tout gouvènman toujou kenbe dat 27 jen 2021  an pou reyalize referandòm lan nan peyi Dayiti.

Patrick Crispen ki deklare se paske prezidan Jovenel Moïse, wè nesesite pou chanje konstitisyon 1987 la, daprè li ki reprezante blokaj devlopman peyi Dayiti.

Yon lòt kote, konseye prezidan Patrick Crispen ki minimize deklarasyon kòdonatè pati ayisyen tèt kale a (PHTK) Liné Baltazar, kite deklare  » referandòm lan pa posib nan moman, epi te mande ak prezidan Jovenel Moïse pou chache jwenn yon antant pou reyalize eleksyon nan peyi a avan fen ane a » . Yon deklarasyon Patrick Crispin, fè kwè ki ranfòse demokrasi nan peyi a ki bay dwa ak tout moun kapab pale sou rejim prezidan Jovenel Moïse la, pandan li raple se chèf leta kite ale fè kanpay .

N ap raple, manm komite konsiltatif konstitisyon an fè konnen jounen madi 20 Avril la, yo te chita pale ak plizyè lidè kominotè nan katye popilè ki nan rejyon metwopolitèn pòtoprens lan.

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …