AYITI/KIDNAPIN:MOUN KAFOU LEVE KANPE POU YON ANPLWAYE LOPITAL « SAINT BONIFACE DE FOND -DES-BLANCS » NÈG AK ZAM KIDNAPE .

Nèg ak zam kidnape sitwayen Guy Blaise nan lannwit Madi 20 avril 2021 an  nan zòn Waney 83 ki nan komin Kafou.

Guy Blaise, anplwaye lopital « Saint Boniface de Fond-des-Blancs », se yon moun nan kafou ki gen anpil moun rekonèt li.

An siy pwotestasyon parapò ak sa ki pase a, sitwayen nan komin nan patiklyèman nan bwochèt, waney ak kèk lòt zòn vwazin te mete barikad nan wout yo epi yo t ap boule kawotchou.

Pou pwoteste kont zak kidnapin ki fèt sou Guy Blaise, lopital » Saint Boniface de fonds-des-blancs » bò kote pa li anonse li kanpe travay mèkredi 21 avril 2021 an.

« N ap kanpe travay apati mèkredi 21 avril la pou pwoteste kont kidnapin youn nan anplwaye nou e n ap kanpe travay jiskaske nou jwenn liberasyon li san kondisyon », daprè yon avi lopital la fè soti.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …