AYITI/POLITIK:LAPOLIS GEN LÒD POU LI ESTOPE TOUT BANDI SAN DISTENKSYON.*

Rockfeller Vincent, minis jistis peyi a, bay direktè jeneral Lapolis la lòd pou li estope tout bandi, daprè yon twit li fè jounen Madi 21 avril 2021 an.

« M bay chèf polis la lòd pou stope tout bandi nan vilaj dedye, nan Gran Ravin, nan Kwadèboukè ak tout lòt kote y ap feraye ankò. », Daprè sa ki li nan twit la Rockfeller Vincent ekri a.

Annatandan pèp la wè sou kisa sa ap debouche, lopital »Saint Boniface de fonds-des-blancs » ak yon pakèt lekòl, lopital ak inivèsite katolik fèmen pòt yo nan sousi pou pwoteste ak mande liberasyon pwòch yo nèg ak zam kidnape.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …