AYITI / POLITIK : ESKANDAL KORIPSYON NAN MERI KOMIN LAZIL

Plizyè dizèn jèn nan komin lazil fèmen pòt meri komin lan, pou denonse zak koripsyon youn nan manm komisyon an Martinor Geradin, ki pran senk san (500) mil goud ki pa bay okenn esplikasyon sou lajan sa .

Nan yon entèvyou ak Echo Jounal, kèk jèn ki nan mouvman sa fè konnen se Youn nan manm komisyon an Ajan Egzekitif enterimè Amboise Epheta, ki te fè demach bò kote ministè enteryè  pou te pèmèt meri a jwenn lajan sa pou te fè yon reparasyon nan yon wout ki mennen nan dezyèm seksyon  komin lazil kote dènye lapli ki tonbe sou komin lan fin kraze .

Sou bò pa li, manm komisyon minisipal Komin Lazil la Amboise Epheta, ki konfime nouvèl la deklare li te fè demach lajan sa nan moman komin la t ap fete patwon li Sen Jozèf 19 Mas 2021 an, sou menm chèk pou te reyalize fèt la ,li te mande ak ministè enteryè  ed li pou li te pase men nan wout la.

èske senk san (500) mil goud la nan men lòt manm lan? Li te reponn poul di :  » senk san (500) mil goud la se lajan popilasyon an, se pou popilasyon an chache lajan mwen te mande li se pou repare wout se pat pou ale nan pòch ».

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …