AYITI/ POLITIK :YON GWO PWÒCH POUVWA A DEKLARE « PAP KA GEN REFERANDÒM NAN PEYI A 27 JEN « 

Ansyen senatè depatman Sid la Jean Gabriel Fortuné, fè konnen pap kapab gen referandòm nan peyi Dayiti 27 jen 2021 ki ap vini la jan pouvwa a swete sa.

Pou kore deklarasyon sa Ansyen delege depatmantal Sid la fè kwè moman pa favorab pou reyalize referandòm lan, paske pagen okenn antant ki jwenn nan mitan klas politik la. Jean Gabriel Fortuné esplike depi plis pase 2 lane pouvwa anplas la pa janm kapab rive reyalize dyalòg sa , pandan li poze kesyon kòman referandòm sa pral reyalize ? Lè ke deja gen anpil lidè nan klas politik la ki ap pare yo pou al fè kanpay pou eleksyon lejislatif yo .

Yon lòt bò, konseye prezidan repiblik Jean Gabriel Fortuné ki kwè mwayen pou rezoud ensekirite a se pou mande sipò kominote entènasyonal pou ede rezoud ensekirite a. Ansyen senatè a di : » okenn solisyon ant ayisyen ak ayisyen pa posib paske kriz la gentan twò anpire ».

 

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …