AYITI/ESPÒ: YON LÒT MANM NAN FEDERASYON AYISYÈN FOUTBÒL LAN SANKSYONE POU 5 LANE .

Antrenè an aprè nan sant « FIFA GOAl » la Yvette Félix, sanksyone pou 5 lane san li pa patisipe nan anyen ki gen pou wè ak espò nan peyi Dayiti ak rès mond lan, selon vèdik ki sòti nan chanm jijman komite etik indepandan FIFA! Sanksyon sa pa bay dwa ak Yvette Félix pou patisipe nan okenn aktivite foutbòl ( administratif, espòtif) ni nan nivo lokal ak entènasyonal.

Ansyèn kapitèn seleksyon nasyonal fanm lan te deja sanksyone  nan mwa oktòb 2020 pase a pou enplikasyon li nan dosye abi seksyèl sou tijwèz yo Dadou Jean- Bart te fè.

Nan vèdik chanm jijman komisyon etik endepandan  FIFa jije,  epi  kondane responsab ekipman federasyon ayisyèn foutbòl la (FHF), koupab paske li te manke fè devwa li nan pwoteje entegrite fizik ak mantal plizyè jwèz yon ki te plase sou responsabilite nan sant « FIFA GOAL » la .

Nou ap fè konnen, madanm Yvette Félix ap gen pou peye yon amand  di mil fran (10 000) swis epi li ap pase 5 lane deyò san kel pa nan aktivite foutbòl ak lòt espò nan peyi Dayiti ak rès mond lan .

 

 

 

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …