AYITI/KIDNAPIN: REKTORA INIVÈSITE LETA A MANDE LIBERASYON PWOFESÈ FAKILTE MEDSIN AK FAMASI A MARIE JOSETTE MALVOISIN.

Rektora inivèsite Leta a, nan yon nòt pou laprès li fè soti jounen Lendi 26 avril la mande liberasyon san kondisyon pwofesè fakilte medsin ak famasi, Marie Josette Malvoisin nèg ak zam te kidnape 23 Avril ki sot pase a.

 » Rektora a konstate avèk anpil doulè sa ki ap pase manm inivèsite yo ki vin prensipal sib ensekirite a dènye moman sa yo », ekri nan nòt la.

Rektora a pwofite okazyon sila a pou li raple ka kidnaping ki te fèt sou etidyan fakilte lengwistik aplike, Junior Albert AUGUSMA ak etidyan fakilte medsin ak famasi David Télémaque.

« Rektora a mande ak tout kominote inivèsite a pou yo pote solidarite yo bay pwofesè Marie Josette Malvoisin jiskaske li jwenn liberasyon l », kontinye nòt la.

Pou fini, rektora a mande otorite nan Leta yo, patiklyèman Lajistis ak Lapolis peyi Dayiti pou fè limyè sou anlèvman pwofesè Marie Josette Malvoisin, pou yo remèt li bay fanmi li epi pou yo pini koupab yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …