AYITI/ENSEKIRITE : GWO GÈ EKLATE NAN SITE SOLÈY PLIZYÈ MOUN PÈDI LAVI YO AK ANPIL LÒT BLESE.

Jounen dimanch 25 avril 2021 an pou rive Jounen lendi 26 avril 2021 an gwo kout zam ap chante nan site solèy tankou wosiyòl, patikilyèman nan katye Boston kap dirije pa Mathias ak katye bouklin kap dirije pa Jean Pierre Gabriel sa lakoz plizyè moun pèdi lavi yo ak anpil lòt moun blese pami yo yon fanm ansent nan katye bouklin.

Selon enfòmasyon jounalis Echojounal rekeyi nan men kèk sitwayen pandan nou te souplas, yo fè konnen gè a te fè yon ti poze, yo rekòmanse pou pi bèl. Rezon ki fè gè a leve ankò se paske machin chèf Odel kap kontwole Tizile yon katye toujou nan site solèy pandan Machin lan ap pase nèg boston simen kout bal sou machin lan sa lakoz 2 sòlda Gabriel pèdi lavi yo.

Gè sa ki Eklate dimanch 25 avril 2021 an, trennen dèyèl yon gwo van panik nan pi gwo bidonvil peyi a kote tout paran tap kouri vin chèche pitit yo nan tout lekòl ki patou nan site a. Tout direktè lekòl te oblije livre timoun yo avèk paran yo aprè fèmen pòt lekòl yo jounen lendi 26 avril 2021 an.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …