AYITI/POLITIK: YON DEFANSÈ DWA MOUN MANDE AK KÈK JOUNALIS POU ITILIZE ESPAS YO POU EDE OLYE POU YAP DETWI EPI JOURE MOUN.

Anthonal Mortimé ki tap patisipe nan emisyon « pawòl la pale » jounen lendi 26 avril 2021 sou radio Echojounal konseye kèk jounalis pou itilize espas yo pou fè edikasyon epi ede peyi a olye yap detwi yon moun pou pozisyon li.

Selon defansè dwa moun nan genyon seri jounalis ki pran plezi atake li e ki ap eseye detwi li pou pozisyon li pandan yo pa menm al eseye konprann ke se dwa tout moun lap defann, Anthonal Mortimé ki rekonèt anyen pap mache nan peyi a mande pou genyon chanjman reyèl ki fèt kote jenès la ti machann yo, andikape yo, tout moun dwe enplike.

Defansè dwa moun nan kritike pouvwa an plas la ki pa ko janm pran okenn mezi serye pou frennen ensekirite ak kidnapin nan ki pa gen limit nan dènye jou sa yo selon sa li fè konnen, Anthonal Mortumé mande jistis pou moun ki viktim nan zòn Belè yo pandan li kritike aparèy jistis la ki pap fonksyone depi plis pase de (2) lane.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …