AYITI / POLITIK:  » CORP GROUP » DENONSE PWOSESIS REFERANDÒM GOUVÈNMAN AN.

Diferan anbasad nan peyi Dayiti tankou Alamay, Brezil, Kanada, Espay, Etazini, Lafrans, Inyon Ewopeyèn epi reprezantan òganizasyon Leta ameriken yo ak sekretè jeneral Nasyon Zini swete ane 2021 an se yon ane demokrasi, epi mande pou eleksyon yo fèt nan tout transparans ak kredibilite olye pou chanjman Konstitisyon an,  » Core Group »  montre dout yo gen akoz pwosesis la pa mete tout moun ladanl, li pa patisipatif ak transparans. Yon refòm konsa ta dwe fèt sou yon gwo konsansis ak konsiltasyon tout moun nan sosyete a ak diferan fòs yo nan peyi a selon yo.

Anbasadè yo, montre gwo enkyetid yo genyen sou sitiyasyon sekirite a ak kriz politik la nan peyi a ki fè gouvènman pakab mete yon kalandriye elektoral akoz sitiyasyon kriz la. Yo raple ak otorite yo nan peyi a yo gen responsabilite yo gen pou òganize pwosesis elektoral ki ap soufri depi byen lontan pou sa kapab rive fèt fòk yo rezoud pwoblèm ensekirite a, transparans ak lojistik.

Pou fini,  » Core Group » ki ankouraje tout aktè yo nan peyi a pou mete sou kote tout konfli yo pou kapab twouve nan yon tan tou kout yon solisyon ak kriz la, patikilyèman ensekirite a ki reprezante yon gwo pwa nan lavi chak moun nan moun ki ap viv nan peyi Ayiti .

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …