AYITI/POLITIK: 68 MANM NAN KONGRÈ AMERIKEN AN MANDE POU ETAZINI PA SIPÒTE REFERANDÒM JOVENEL MOÏSE LA.

Nan yon korespondas 68 manm nan kongrè a voye bay sekretè deta ameriken, yo mande pou peyi Etazini pa sipòte pwojè referandòm Jovenel Moïse la.

Daprè 68 manm kongrè sa yo ki nan gen tèt yo @Rep Grégory Meeks ak@ Rep Jeffries, nan korespondas lan yo fè konnen nan sityasyon malouk Ayiti a prewokipe yo anpil kote nivo ensekirite a ap detòrye chak jou pi plis.

 » Li lè pou depatman deta chanje jan lap fè politik sou zile a », daprè korespondas lan. » Kontinye sou menm wout la se anpire sityasyon peyi Dayiti a ap plis anpire » , daprè lèt la.

Parapò ak tout sa, nan menm korespondans lan, yo mande peyi Etazini pou li pa sipòte pwojè referandòm Jovenel Moïse la.

Nou ap raple 27 Jwen 2021 se dat Jovenel Moïse kenbe pou li fè referandòm nan.

Jackson junior Rinvi

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …