AYITI / KIDNAPIN : YON LÒT JOUNEN WOUT BLOKE NAN KOMIN TIGWAV POU MANDE LIBERASYON KAZÈK WILKING DICETTE .

Popilasyon nan lokalite Lamadlèn ak kèk lòt zòn nan dezyèm seksyon komin Tigwav, sou dezyèm jounen mobilizasyon yo pou mande liberasyon kòdonatè administrasyon seksyon kominal dezyèm plèn lan, Kazèk Wilking Dicette, nèg ak zam te kidnape dimanch 25 Avril 2021 an nan komin Delma.

Malgre entèvansyon komisè gouvènman jiridiksyon miragwàn lan Jean Ernest Muscadin, pou te debloke jounen Madi 27 Avril 2021 an wout nasyonal # 2 a nan nivo lokalite Lamadlèn tou swit aprè divès sitwayen ta pral kwaze plizyè machin pou kontinye reklame liberasyon kazèk Wilking Dicette.

Kèk nan sitwayen sa yo denonse konpòtman komisè Jean Ernest Muscadin daprè yo ki depase teritwa jiridiksyon miragwàn lan nan kad entèvansyon li fè pou debloke wout nasyonal nimewo 2 a, pwotestatè yo anonse mouvman pap kanpe toutotan yo jwenn liberasyon Wilking Dicette.

Pilwen yo fè konnen yo pral pase nan yon lòt faz ak mouvman pou libere kazèk la .

N ap souliye, selon yon sous pwòch fanmi kazèk Wilking Dicette, poko gen nouvèl viktim lan depi plis pase 3 jou depil nan men ravisè yo .

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …