AYITI/ENSEKIRITE: KOUT ZAM FÈMEN PÒT TOUT LEKÒL NAN KOMIN SITE SOLÈY.

Mèkredi 25 avril 2021 an fè anviwon 3 jou depi kout bal ap chante san rete nan komin site solèy. Yon konfli ki mete fas pou fas katye bouklin ak katye Boston. Sa ki lakòz tout lekòl fèmen pòt yo nan komin lan.

Nan yon vizit nan pi gwo bidonvil peyi a kote nou pase douvan kèk lekòl pami yo Becky Dewin di pè Tom Lise Nasyonal de site solèy ak anpil lòt ankò tout fèmen pòt yo akoz gwo kout bal otomatik ki ap tire nan komin lan.

Nan bouske enfòmasyon, nou tonbe sou kèk elèv ki kanpe douvan lakay yo, yo fè nou konnen yo chita yo pa konnen jis pou ki lè yo la paske yo pa konnen kilè gè sa ap fini pou yo pran chimen lekòl yo.

Elèv sa yo fè konnen yo nan gwo difikilte pou yo soti, timoun kap chèche timoso edikasyon sa yo mande mouche leta pou li pran kontwòl sitiyasyon an pou sekirite ka tabli nan komin lan paske yo ta renmen ale lekòl menm jan ak tout lòt timoun ale lekòl yo.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …