AYITI/DEY: YON ANSYEN MINIS KOMÈS AK ENDISKRI MOURI NAN PEYI SENDOMENG.

Ansyen minis komès ak endiskri, Josseline Colimon Fethière rann dènye souf li ayè madi 27 avril la nan Sendomeng aprè li tap soufi ak yon kansè nan nivo mwal epinyè li.

Ansyen minis sou administrasyon prezidan René Preval, Josseline Colimon Fethière mouri pandan li te gen 73 lane sou tèt li.

Madam Fethière se te yon kontab. Li pase 37 lane ap travay nan sektè bankè a an Ayiti. Li te direktris jeneral pwomo bank, yon ansyen bank kòmèsyal.

Nap raple, ansyen minis Josseline Colimon Fethière se te manman senatè depatman nò a ki rele Jean Marie Fethière.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …