AYITI/KIDNAPIN: NÈG AK ZAM KIDNAPE YON ETIDYAN FAKILTE SYANZIMÈN SOU WOUT BWA VÈNA

Nèg ak zam kidnape, mardi 27 avril la nan aswè Youry Derival, etidyan inivèsite Leta a nan Fakilte Syanzimèn sou wout bwa vèna. .

Moun yo pa rive idantifye ki te nan yon machin « 4runner » koulè gri e ki te gen gwo zam fann fwa nan men yo, kidnape Youri Derival nan ri klèmon nan katye bwa vèna pandan li t ap mache ak detwa lòt zanmi, daprè sa kèk temwen fè konnen.

Poko gen okenn lajan ki mande an echanj liberasyon etidyan inivèsite Leta a.

Paralèlman, nan sousi pou egzije liberasyon Youry Derival, etidyan Fakilte Syanzimèn yo òganize yon mouvman espontane ki gen ladann operasyon bat tenèb ak mach pasifik jounen mèkredi a.

N ap raple, dènye jou sa yo inivèsite Leta a tounen prensipal sib ensekirite a ak ka kidnaping yo. Nan pi piti pase 8 jou, yo kidnape Marie Josette Malvoisin, pwofesè nan Fakilte medsin ak famasi epi yo kidnape etidyan Fakilte Syanzimèn Youri Derival.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …