AYITI/POLITIK: PLIZYÈ PÈSONALITE POLITIK PALE DE DYALÒG POU SOTI PEYI A NAN SOUFRANS LI YE A.

Nan yon entèvyou CLARENS RENOIS lidè pati politik INI te bay jounalis Echojounal, li fè konnen sèl yon dyalòg san fòs kote tout fòs viv nasyon pral chita fas pou fas je nan je sou yon chèz antant pou nou jwenn yon sòti kriz pou nou ka retire AYITi nan soufrans li twouve li a.

Ansyen kandida pou pòs prezidan an, deklare pou li di chirepit pap ka rezoud pwoblèm peyi sa gade nou fè 3 zan ap goumen youn ak lòt li pa pote ankenn chanjman an gis sa se pi mal nou vin pi mal nan je lemond.

Orijinè Dam-mari a ale pilwen poul di nou pa ka fè dyalòg san Jovenel Moïse.

Sekretè jeneral pati sosyo demokrat yo (FUSION) Rosemond Pradel, tire a kontre pye pou li di dyalòg nap pale de li a li pa ka fèt ak Jovenel moïse paske lokatè palè Nasyonal la se youn nan eleman kle pwoblèm lan.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …