AYITI /KIDNAPIN : RAVISÈ YO MANDE YON MILYON DOLA VÈT POU LIBERASYON ETIDYAN  AN .

Ravisè yo egzije 1milyon dola ameriken pou libere etidyan Youry Valéry Léonard Dérival yo kidnape Madi 28 avril la 2021 an, daprè papa viktim nan ki se Bazelais Dérival._

Bazelais Derival ki se papa Youry Valéry Léonard Dérival nèg ak zam kidnape madi 27 avril la, fè konnen nan mikwo laprès ravisè yo « mande 1 milyon dola ameriken pou libere pitit gason li a ».

Pwofesyon ebenis, mesye Bazelais pa konnen ki pòt pou li frape pou li jwenn tout lajan sa. » Mwen  egzije liberasyon pitit mwen an san okenn kondisyon » , daprè sa li fè konnen.

N ap raple, nan sousi pou egzije liberasyon Youry Valéry Léonard Dérival, Fakilte Syanzimèn bò kote pa l kanpe tout aktivite akademik ak administratif jiskaske etidyan an jwenn liberasyon li.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …