LEMOND/ENSEKIRITE : 4 MOUN MOURI NAN YON KLINIK POU MOUN ANDIKAPE NAN PEYI ALMAY.

Nan peyi Almay 4 moun mouri  ak yon lòt sòti blese grav nan yon klinik « Postdam » ki nan kapital peyi a « Berlin », aprè atak sa yon anplwaye lopital la ki gen 51 ane arete kòm sispèk nan kad krim sa, aksyon an pase nan lannwit mèkredi pou louvri jounen Jedi 28 avril 2021 an selon Lapolis nan vil « Berlin ».

Selon rapò Polis la, ki di nan konsta yo fè tout viktim yo montre se vyolans yo fè sou yo paske kò yo gen gwo mak sou yo san ke yo pa bay okenn lòt detay sou ki kalte mak sa yo ye . Toujou daprè responsab polis yo, 4 moun sa yo ki mouri yo te toujou rete nan chanm yo, yo arete anplwaye lopital la ki gen 51 lane .

Selon otorite yo, klinik  » Thusnelda-von-Saldern-Haus, espesyalize li nan resevwa moun ki ap soufri ak yon andikap fizik ou byen mantal, sitou moun ki avèg yo .

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …