PNH LA MANDE SIPÒ POPILASYON AN NAN BATAY POU KWAPE FENOMÈM KIDNAPING NAN.*

Direksyon Jeneral Lapolis la, nan yon nòt pou laprès mande popilasyon an pou li kolabore ak PNH la nan sousi pou ede fòs lòd yo kwape fenomèm kidnapin nan k ap dekapitalize fanmi ayisyen yo._

Depi plizyè mwa popilasyon pa konnen ki sen pou li rele fas ak fenomèm kidnapin nan k ap taye banda toupatou nan peyi a. Direksyon Jeneral Lapolis la, bò kote pa li fè konnen se kolabore pou popilasyon an kolabore ak otorite polisye yo.

Paralèlman, pou sila yo ki konn bloke wout ak boule kawotchou pou pwoteste kont kidnapin nan, direksyon Jeneral Lapolis la fè konnen se pa yon bon aksyon.

 » Mete barikad nan wout yo li deranje lòd sosyal e li p ap pote solisyon », daprè sa ki li nan nòt la. » Konpòtman sila a ka koze prejidis nonsèlman ak moun k ap mete barikad la, men tou ak moun k ap pase nan wout la », kontinye nòt la.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …