AYITI/POLITIK : PEYI ETAZINI DI : » LI PAP BAY LAJAN POU REFERANDÒM LAN ».

Pòt pawòl depatman Leta Ameriken an, Ned Price, nan yon konferans pou laprès, 29 Avril 2021 an fè konnen peyi Etazini pap bay lajan pou referandòm prezidan Jovenel Moïse la. Ned Price, ki presize administrasyon Joe Biden lan deja notifye gouvènman ayisyen an sou kesyon sa .

 » ameriken yo pap bay okenn sipò lajan ak yon kèlkonk referandòm konstitisyonèl », deklarasyon pòt pawòl depatman Leta Ameriken an, Ned Price, nan konferans pou laprès la. Pilwen Mouche Price, raple nan ka referandòm se pèp ayisyen an ki pou deside sou yon pwojè konsa, pandan li souliye kijan yon demach konsa konplèks.

Pou fini, Ned Price, di peyi Etazini plis enterese ak eleksyon olye referandòm lan. N ap raple, plizyè enstans nan kominote entènasyonal la tankou inyon Ewopeyèn, Core Group te deja di yo pa dakò ak referandòm konstitisyonèl pouvwa anplas la .

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …