AYITI/PNH: LAPOLIS RANFÒSE KRITÈ RANSÈYMAN YO AVAN YON MOUN RANTRE NAN PNH LA.

_Alòske plizyè polisye an aktivite oubyen ansyen polisye mare sosis yo ak yon pakèt gwoup gang anndan peyi a daprè òganizasyon dwa moun yo, direktè lapolis la Léon Charles, bò kote pa li vle atake pwoblèm nan depi alabaz._

Lapolis nasyonal Dayiti vle ranfòse kritè ranseyman yo avan yon moun fè pati enstitisyon an. Nan sans sa, wo kòmandman antann yo sou yon ansanm kritè, primòdyal yon moun dwe respekte anvan li rantre nan lapolis la.

« Nenpòt moun ( fanm kou gason) ki vle rantre nan mitan kò sekirite nasyonal sa dwe genyen, anplis pyès yo egzije, yon lèt referans 2 notab nan peyi a siyen », daprè sa enstitisyon lapolis la fè konnen.

 » 2 notab sa yo dwe swa yon gwo chèf ki serye anndan lapolis la, swa yon gwo lidè legliz, swa yon ekriven, yon pwofesè oubyen tou, tout moun ki benefisye nivo kredibilite sa nan sosyete a », kontinye enstitisyon lapolis la.

Daprè wo kòmandman an, desizyon sa pran nan sousi pou pase nan « paswa » tout jenn ki vle rantre nan Lapolis nasyonal Dayiti a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …