KONSÈY DIREKSYON FAKILTE SYANS KONDANE ENSIDAN KI PASE NAN SEREMONI INOGIRASYON LOKAL FAKILTE A.*

Nan yon nòt pou laprès, konsèy direksyon Fakilte Syans kondane ensidan regretab ki pase nan dat 29 avril 2021 an nan okazyon seremoni » remèt kle » batiman tounèf Fakilte a fèk genyen an._

« Yon pakèt moun ki pa nan Fakilte Syans lan te kòmanse fè gwo bri sa ki ta pral lakoz òganizatè yo kanpe seremoni an », daprè sa ki nan nòt lan.

« Gwoup moun sa yo te rantre anndan batiman an kote yo te eseye mete dife nan machin rektè a ; aprè aksyon sa yo te kite lokal batiman an epi yo tale   malmennen baryè Fakilte a ak kout wòch ».

Konsèy direksyon Fakilte Syans lan  kondane ensidan sa ki pase a ki, daprè nòt la, se yon agresyon kont Fakilte  an epi ki sal imaj Inivèsite Leta a.

« Dwayen ak responsab dekana nan inivèsite Leta a, yon pakèt rektè inivèsite nan peyi Dayiti, anbasadè « Quatar » nan « Washington » ki se prensipal donatè pwojè a te gen pou li te patisipe nan seremoni an, men se pa vizyo konferans », se kèk pami yon pakèt pèsonalite ki nan domèn edikasyon, daprè nòt pou laprès la ki te la osnon ki t ap la nan seremoni sila a.

Parapò ak ensidan an, konsèy direksyon Fakilte Syans lan prezante envite yo eskiz li pandan yo souliye kominote Fakilte Syans lan t ap tann seremoni sila a avèk enpasyans.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …