Prezidan repiblik la Jovenel Moïse, deklare Jounen samdi premye Me 2021 an, Katreven pousan (80%) kidnapin yo nan peyi a se kidnapin politik, pilwen chèf Leta ki presize gouvènman deja kòmanse idantifye fwaye kidnapè yo .
Prezidan Jovenel Moïse, ki pwofite pou mande ak diferan klas yo ak diferan branch nan opozisyon an pou dyaloge ak pouvwa yon fason pou kapab etire peyi a nan sa li ye a, prezidan Jovenel Moïse ki raple okenn sakrifis pa dwe twò gran pou peyi Ayiti.
N ap raple chèf Leta Jovenel Moïse, fè deklarasyon sa yo jounen samdi premye Me 2021 nan moman inogirasyon baraj Maryon ki nan depatman Nò peyi a.
Dieuva Occidor.