AYITI/KILTI: GWOUPMAN FANM GAD ÒGANIZE YON FWA GASTWO ATIZANAL NAN OKAZYON FÈT TRAVAY AK AGRIKILTI A NAN KOMIN DÈLMA.

Nan okazyon premye me a ki se fèt travay ak agrikilti, gwoupman fanm gad reyalize yon fwa gastwo atizanal nan lide pou bay manje lokal yo jarèt ak mete atizan yo an valè. Aktivite sila a reyalize nan lekòl nasyonal Ekwatè ki chita kòl nan Dèlma 41_.

Pòt pawòl estrikti gwoupman fanm gad la,Edelyne Vertus fè konnen nan mikwo laprès fwa a reyalize nan sousi pou li bay jarèt ak agrikilti a, nan sans ekspoze manje lokal sosyete a anvi bliye yo.  » Se okasyon tou pou mete atizan yo an valè », kontinye pòt pawòl.

Daprè Edelyne Vertus, yo fè chwa 80% fanm pou expoze pwodui atizanal nan fwa a sila paske se fanm yo ki baz « ekonomik peyi a ». »Yo soti plizyè kote nan anndan peyi a pou yo te kapab vin la », deklarasyon pòt pawòl estrikti gwoupman fanm gad la

Lalo, pen patat, mayi bouyi, tchaka, bouyon se kèk nan pla ki te ekspoze nan kad fwa sila a ki sitou reyalize pou bay jarèt ak manje lokal e atizan yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …