AYITI/DÈY:MOUN YO PA RIVE IDANTIFYE TOUYE DELEGE SPNH-17 LA .

Lapolis nasyonal la kontinye ap pèdi manm nan ran li. Delege SPNH-17 Guerby Geffrard mouri asasinen aprè moun yo pa rive idantifye simen katouch sou li nan lannwit premye me 2021 an.

Manm sendika SPNH-17, Guerby Geffrard mouri asasinen nan lannuit 1 me a.

Direksyon Jeneral Lapolis nan mwa ki sot pase yo, te akize Guerby Geffrard li fè pati estrikti « Fantom 509 », Sa ki te lakoz wo kòmandman enstitisyon polis la te mete manda dèyè li.

Pou kounya, poko gen okenn enfòmasyon disponib sou kisa ki ta lakoz asasina polisye sendikalis Guerby Geffrard.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …