ESPO/SERI A: CHANPYONA ITALYEN AN GEN YON NOUVO CHANPYON

Inter Milan ranpòte ofisyèlman chanpyona Italyen sezon 2020-2021 an aprè match nil ki fèt ant ekip Sassuolo a ak ekip Atalanta.

Nerazzuri yo, jan yo sinome ekip Inter Milan an, avèk tit chanpyon sila mete fen ak ejemoni ekip Juventus la ki te chanpyon chanpyona italyen an 9 fwa youn dèyè lòt.

Dènye fwa ekip Inter Milan an te ranpòte chanpyona a se te nan lane 2010 sou rèy Josué Mourinho ki te antrenè yo.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …