AYITI / POLITIK : TWA (3) EKSPÈ AP VIN AKONPANYE POLIS LA POU REYALIZASYON REFERANDÒM LAN.

Minis delege pou zafè eleksyon ak relasyon pati politik yo Mathias Pierre », fè konnen 17 Me 2021 an, twa ekspè entènasyonal ap gen pou rantre nan peyi an  pou kapab vin akonpanye polis la nan sa ki gen pou wè ak sekirite.

Minis Mathias Pierre », fè deklarasyon sa yo sou kont twitter li mèkredi 5 Me 2021 an kote li fè konnen nan twa (3) ekspè entènasyonal sa yo, de (2) ladan yo gen espesyalite nan krim òganize ak lòt la ki nan ransèyman ap vini pou kapab ede polis nasyonal la mete tout bandi yo kote pou yo pa nwi moun.

Minis « Pierre » fè konnen ekspè sa yo ap vini pou akonpanye polis la nan kad sipò chèf Leta Jovenel Moïse te mande ak sekretè jeneral Nasyonzini an Antonyo Gouterès « Antonio Guterres ».

Dieuva Occidor.

Kredi foto:twitter

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …