AYITI/SEKIRITE :LAPOLIS NASYONAL AYISYEN AN  METE ANBA KÒB 25 PREZIME BANDI NAN KAFOU.*

_Lapolis nasyonal Dayiti mete anba kòd 25 prezime bandi nan jounen  mèkredi 5 Me 2021 an nan komin Kafou nan yon lokalite ki rele « Chavez »._

Daprè otorite lapolis yo, PNH la te gentan ap chache pifò nan moun sa yo pou posib patisipasyon yo nan komèt vye zak kriminèl.

Minis jistis ak sekirite piblik la, Rockfeller Vincent, anonse sou Twitè lapolis arete 25 endividi yo sispèk nan kidnaping ak vòlè zafè moun nan katye « Chávez », komin Kafou. Fòs lòd yo mete lapat sou endividi sa yo nan lanwit mèkredi 5 me 2021 an.

Minis jistis la pa bay twòp detay sou idantite sispèk sa yo. Li pa di tou si fòs lòd yo libere otaj epi sezi zam pandan operasyon sa.

Rockfeller Vincent mande popilasyon an kontinye pote kole ak lapolis pou frennen aksyon bandi yo. Li konseye sitwayen yo pratike « je wè bouch pale » lè yo sispèk move lawon ap komèt vye zak nan katye lakay yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …