LEMOND/ZEN: YON MALYÈN FÈ NÈF (9) PITIT NAN PEYI MAWÒK.

Yon akouchman espektakilè aprè yon gwosès ki te fè anpil pale e ki te lakoz anpil jès solidarite te fèt nan sousi pou pote sekou bay manman an. Halima Cissé, 25 lane, ki te al nan peyi Mawòk an ijans pou li te ka anba siveyans doktè paske li te panse li t ap fè 7 pitit. Madi 4 Me 2021 ki sot pase a, orijinè Tombouktou a Halima Cissé aprè sezaryèn fè 9 pitit.

Daprè medya entènasyonal yo, notamman RFI se gouvènman tranzisyon peyi Mali ki te anonse nouvèl la. Se premye fwa, ofisyèlman 9 bebe fèt tou vivan.

Halima Cissé ki se jenn fanm sa ki fè 9 pitit la, nan fen mwa Mas la te kite Mali pou li ale nan peyi Mawòk. Aprè ekografi te fin fèt, se 7 bebe ki te vizib sa ki ta pral lakoz klinik prive Aïm Borja de cassamblanca ta pral pran Halima Cissé an chaj.

5 semèn aprè, li akouche. Daprè jinekològ Mourad Yazid ki te fè akouchman an, li fè konnen li te fasil pou l te retire 7 bebe san okenn difikilte kote chak timoun sa yo te peze 700 gram ak yon kilo. Pou lòt 2 yo, se nan moman li pral retire plasennta ki te rete a epi l wè 2 bebe ankò ki vivan, yo chak peze 500 gram.

 » Sezaryèn nan byen pase, men lè m ta pral fini m te vle fè delivrans atifisyèl. M tonbe sou yon tèt, yon lòt tèt ankò donk olye 7 nou pase ak 9 bebe », daprè deklarasyon Mourad Yazid, RFI rapòte.

Timoun yo, pou moman kounya a sou siveyans medsen kote yo gen 3 pedyat k ap swiv jan sante yo ap evolye. Nan nèf timoun yo, gen 5 fi ak 4 gason.

Manman an bò kote pa l pase 24è an reyanimasyon, donk li ta dwe rankontre ak timoun yo jounen Jedi 6 Me 2021 an nan apremidi.

Jackson Junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …