KÒDINASYON NASYONAL SEKIRITE ALIMANTÈ (CNSA) LANSE KANPAY KONSÈTASYON SOU KOZE SYSTÈM ALIMANTÈ NAN TOUT PEYI A.*

Kòdonatè CNSA a, Harmel Cazeau nan yon konferans li bay jounen Madi 4 Me 2021 an  plede pou yon pi bon sistèm alimantè anndan peyi a e li pwofite lanse kanpay konsètasyon kap gen pou fèt nan tout peyi a sou koze sistèm alimantè._

« Sekretè jeneral Nasyonzini an te pran inisyativ pou òganize yon somè mondyal nan lane 2021 an sou kesyon sistèm alimantè. Somè mondyal sa li vize pou bay tout peyi a okazyon pou yo pale sou ki pi bon fason pou sistèm alimantè a òganize nan sousi pou tout moun ka manje », deklare kòdonatè CNSA a.

Nan sans sa, daprè Harmel Cazeau, Ayiti bò kote pa li atravè gouvènman , Leta ayisyen ak kèk lòt sektè ankò, angaje yo nan demach la pou yo mete tèt yo ansanm nan sousi pou lanse kanpay konsètasyon sou koze alimantè k ap gen pou fèt nan tout peyi a.

 » Kanpay konsètasyon sa a se pral okazyon pou bay moun yo lapawòl. Nan kèlkswa sektè yo ye a, yo ap gen pou pran lapawòl sou sistèm alimantè pou yo di kisa yo renmen, kisa yo pa renmen ak kisa yo ta renmen chanje », deklarasyon Harmel Cazeau.

Kòdonatè CNSA fè konnen ansanm inisyativ sa yo ap fèt se sitou pou kapab rekilibre sistèm alimantè a, nan sans pou li reponn ak bezwen moun yo nan sa ki gen pou wè ak kesyon manje.

Yon lòt kote, mesye Cazeau moutre byenfonde demach la genyen pou yon pakèt lòt sektè tankou anviwonman avèk koze rechofman klimatik la.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:you tube

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …