LEMOND/SANTE : VENN SENK EWO POU CHAK MOUN KI VAKSINEN KONT PANDEMI KOWONAVIRIS LA NAN SÈBI .

Otorite yo nan peyi Sèbi, anonse yo ap bay ak chak sitwayen ak sitwayèn nan peyi Sèbi ki vaksinen pandan fen mwa Me a kont maladi kowonaviris la venn senk (25) ewo.

 » tout moun ki deja resevwa de (2) dòz vaksinen ak sa ki pral vaksinen ap resevwa twa mil ( 3000) « dinars » ki evalye ak venn senk (25) ewo avan 31 Me 2021″ se deklarasyon prezidan Aleksandar Vucic fè mèkredi 5 Me a sou yon chèn tele nan peyi Sèbi.

 » Leta deside pran desizyon sa pou kapab responsabilize moun ki ap viv nan peyi », selon esplikasyon Aleksandar Vucic. Pilwen li anonse anplwaye ki nan sektè piblik Sèbi ki pa vaksinen pap kapab resevwa lajan si yo ta vin gen maladi kowonaviris la .

Yon desizyon epidemyolis sèb Zoran Radovanovic kritike, daprè li ki kapab gen konsekans lè ke Leta ki deside peye lajan pou manm nan popilasyon an pou vaksinen kont yon maladi ki si danje.  » sa pral pouse moun ki ap viv nan mizè yo vaksinen, men lòt sa ki pagen pwoblèm lajan pap antre nan lojik sa.  » Si Leta peyem pou yon bagay mwen ap fè pou byenm, èske sa pa gen yon bagay ki manke klè ladanl ? » se sa epidemyoli Zoran Radovanovic esplike.

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …