PLIZYÈ AJAN SEKIRITE NAN PAK ENDISTRIYÈ SONAPI AN BLOKE YON GWOUP JOUNALIS KI TE PRAL KOUVRI YON MOUVMAN ANDANN PAK LA

Ajan sekirite pak endistriyèl SONAPI bloke yon gwoup Jounalis ki te  gen envitasyon pou ale  kouvri yon mouvman anndan pak la nan jounen vandredi 7 me 2021 an.

Ouvriye izin HORIZON ( Bilding 31) nan pak endistriyèl SONAPI denonse konpòtman responsab izin sila yo fè konnen ki pa respekte dwa yo.
Pwotestatè yo mande otorite yo pou voye je gade kondisyon yo ap travay nan izin lan.

Se devan Baryè a, ouvriye te pale ak laprès sou kalvè yo ap monte anba responsab nan izin HORIZON ki pa sispann enpoze yo pwòp lwa yo.
Yo menm fè konnen responsab izin lan pa respekte dwa yo kòm ouvriye.

Men fòk nou di, kontrèman ak sa moun te ka panse ajan sekirite SONAPI te bloke gwoup Jounalis ki te vin pou kouvri mouvman ouvriye pwotestatè yo sou pretèks yo pa te resevwa lòd nan men direktè jeneral pak la Jean Bernadel Paul.

Kidonk , se sèl mesye Jean Bernadel Paul ki bay otorizasyon pou yon moun pile lakou pak la daprè deklarasyon ajan sekirite yo.

Salomon NELSON

Kredi foto:dream time

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …