AYITI/POLITIK:ADMINISTRASYON MOÏSE-JOSEPH LAN ENSTALE NAN PALÈ NASYONAL MANM  KOMISYON ASISTANS LEGAL  YO 

Nan lide pou tout moun ka jwenn jistis ak goumen kont detansyon prevantiv pwolonje nan peyi a, administrasyon Moïse- Joseph mete sou pye konsèy nasyonal asistans legal._

Nan peyi Dayiti, toupatou gen inegalite sosyal, epi se moun « zafè pa bon » ki plis viktim.  » Konsèy nasyonal asistans legal la se yon nouvo depa, yon solèy ki fèk leve pou moun yo toujou bliye yo nan peyi a », deklare Jovenel Moïse.

Prezidan repiblik la, Jovenel Moïse fè konnen avèk enstalasyon konsèy nasyonal asistans legal la se yon « pòt ki louvri pou moun k ap peri nan prizon paske yo se pitit sòyèt ». Ansyen patwon agritans lan pa kache satisfaksyon li « CNAL » la se yon ak byenveyans jidisyè.

N ap raple, alòske sistèm jistis la potko an grèv, dènye rapò BINUH te fè sou koze detansyon prevantiv pwolonje a an Ayiti, li te souliye soti mwa Jwen 2020 pou rive Mas 2021 detansyon prevantiv pwolonje a ogmante rive nan rive 9%.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …