AYITI/SANTE:MINISTÈ SANTE PIBLIK AK POPILASYON MONTRE AKLÈ PA TE JANM GEN KOWONAVIRIS NAN PEYI A.

Tout moun kapab sonje kantite dispozisyon gouvènman Jouthe Joseph la te anonse nan lide pou te fè fas ak kowonaviris la, lè sa nou te nan mwa ane 2020. Tout administrasyon te an branl,anpil mezi te anonse nan lide pou te limite pwopagasyon maladi a si toutfwa li ta antre nan peyi a.

Nan pil ak pakèt mezi yo, sant tretman pou moun ki ta trape pandemi an tap konstri nan plizyè kwen nan peyi a; youn ladan yo tap konstri nan komin KAFOU espesyalman nan sant espòtif Kafou a. Menmsi travay konstitisyon yo pa te janm rive nan bout yo.

Poutan Sa pa anpeche , depi anviwon 2 semèn ekip ECHOJOURNAL la konstate se militè manm Fòs lame Dayiti yo kap demoli anga ki tap konstri yo.

Kèk sitwayen nou mande reyaksyon yo sou jès la denonse otorite yo patikilyèman minis sante piblik la Marie Greta Roy Clément yo estime ki ta dwe rann kont bay popilasyon an sou fason li depanse lajan kovid 19 la.

Pou kèk lòt, madan Clément se minis sante piblik ki pi medyòk ki pase nan tèt MSPP pandan 10 dènye ane yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …