AYITI/MANIFESTASYON: ANTÈMAN MILITAN  » TIBLANC TATOO » VIRE AN  2 MACHIN SÈVIS LETA BOULE .

Antèman militan politik manm pati Ayiti an aksyon (AAA) Patrickson Monteau alyas  » Tiblanc Tatoo » kite mouri asasinen 2 Me pase a nan ri Cadet Jeremi, chante jounen samdi 9 me 2021 an nan legliz Sen Pyè.

Antèman militan politik la kite chante an prezans kòdonatè pati politik ( AAA), ansyen senatè Youry Latòti, mèt Andre Michel ak plizyè lòt manm nan opozisyon politik la nan peyi Dayiti. Seremoni fineray la, ki ta pral vire an mouvman pwotestasyon kont pouvwa anplas la daprè pwotestatè yo se pouvwa ki fè egzekite militan AAA, Patrikson Manteau alyas Tiblanc Tatoo ».

Pandan mouvman sa a, militan yo mete dife nan de (2) machin sèvis Leta youn te nan ri Ozwal Diran ak lòt la nan zòn Chanm mas nan ri Avni Magny.

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …