AYITI/ELEKSYON: MACHIN ELEKTORAL, CENEDDH LA RENOUVLE KONFYANS LI NAN GUYRLANDE MESADIEU .

Sant Nòdès ki ap defann dwa moun, nan yon nòt pou laprès fè konnen yo renouvle konfyans yo nan madam Guyrlande Mesadieu pou kontinye reprezantan yo valableman nan machin elektoral la.

Aprè yon nòt ki tap sikile sou rezo sosyal ak nan laprès youn nan moun ki nan sektè dwa moun nan te fè soti kont madam Guyrlande Mesadieu, CENEDDH te wè li enpòtan pou yo te pote limyè pou piblik la nan sans pou yo te pran distans yo ak nòt sila.

« Nòt sa pa angaje tout moun ki nan sektè a. Pou rezon sila nou renouvle konfyans nou bay madanm Guyrlande Mesadieu pou li kontinye reprezante sektè a valableman anndan machin elektoral la », daprè sa kòdonatè CENEDDH la, Louis Narces yo ekri nan nòt pa l la.

Pou desizyon sa a te pran, daprè nòt la, te gen yon bwase lide ki te fèt ak reprezantan divès lidè nan sektè dwa moun ki soti nan 14 komin nan depatman Nòdès.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …