AYITI/PNH: SPNH17 LA DEMANTI ENFÒMASYON KI TA FÈ KWÈ GEN MANM SENDIKA A KI TE RANKONTRE AK RESPONSAB LAPOLIS LA.

SPNH17 la demanti, nan yon nòt pou laprès enfòmasyon pòt pawòl lapolis la te bay ki te fè kwè gen manm sendika a ki kòmanse rankontre ak responsab lapolis la.

« N ap presize manm sendika yo pako rankontre ak okenn responsab nan Lapolis la sou veritab pwoblèm n ap konfwonte depi kèk tan », presize nòt la.

« SPNH17 la ap raple pou tout responsab peyi a veritab revandiksyon nou jodi a se liberasyon Abelson Gros-Nègre ki ap pran prizon san rezon », se youn pami kèk revandiksyon SPNH17 la mansyone.

Pou fini, sendika SPNH17 la fè konnen li pran nòt sou kèk ti avanse ki fèt tankou chèk polisye senpatizan sendika ak manm SPNH17 la responsab Lapolis la te kenbe san okenn rezon valab ki soti pou mwa avril la.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …