LEMOND/DRAM : EKSPLOZYON BONM NAN PEYI AFGANISTAN POU PI PITI SENKANT (50) MOUN MOURI AK SAN (100) LÒT BLESE.

Eksplozyon yon bonm jounen samdi uit (8) Me 2021 an nan kapital peyi Afganistan, Kaboul touye pou pi piti senkant (50) moun aksyon sa pase tou prè yon lekòl pou fini nan peyi sa, daprè premye eleman enfòmasyon yo.

Pòt pawòl ministè enteryè peyi Afganistan, Tareq Arian, fè konnen se yon machin pyeje ki eksploze devan lekòl  » Sayed Al-Shuhada, ak de (2) lòt bonm eksploze nan moman elèv yo kite sou lakou a panike, pandan li presize gen pou pi piti ak 100 lòt moun ki sòti blese pandan atak la pifò ladan yo se etidyan toujou daprè pòt pawòl ministè enteryè a Tareq Arian.

Yon atak okenn gwoup rebèl pa revandike alòske prezidan Afganistan Ashraf Ghani, akize gwoup rebèl Taliban yo ki ta dèyè atak la, selon prezidan atak la ki fèt nan katye « Dasht-e-Barchi, ki nan lwès kapital peyi Afganistan Kaboul, gwoup Taliban yo toujou pran pou sib chak fwa y ap atake.

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …