LEMOND/AFWONTMAN : PAP FRANCOIS DI OTAN POU ZAK VYOLANS YO NAN JERIZALÈM.

Pap Francois, lanse maten dimanch nèf (9) Me 2021 an, yon apèl pou kanpe afwontman ki gen nan vil Jerizalèm ki deja fè plizyè santèn blese.

Maten dimanch lan, nan mesaj li preche mande pou kanpe zak vyolans yo nan vil Jerizalèm.  » vyolans pap bay lòt bagay ke vyolans. Ann rete kantite san ki deja koule nan vil Sen an », deklarasyon Pap François nan mesaj li preche maten dimanch lan .

Mounvman pwotestasyon ant palestinyen yo ak polisye izrayelyen yo vandredi ak nan lannwit samdi a deja lakoz twa san dis (310) moun blese pandan lese frape yo. Nou ap raple, seri mouvman sa yo fèt nan objektif pou Palestin sòti anba dominasyon ak kontwòl peyi Izrayèl .

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …